Moun Ki a la Chaj Leta/ Konnen Dwa ou

“Public Charge” Regulation BLOCKED by the courts

Update (10/11/19): A Judge in New York has issued a nationwide preliminary injunction which stops the Department of Homeland Security’s “public charge” regulation from going into effect. This is a victory for immigrant families. The legal fight will continue, but for now, the rules in the United States have not changed. We will be updating this website in the coming days to reflect this

Families should continue to use the services for which you are eligible without fear. See how “public charge” will impact you based on your immigration status, and what you should do.

Moun Ki a la Chaj Leta/ Konnen Dwa ou

Gen deja anpil konfizyon ak move enfòmasyon sou nouvo règ sou “Public Charge” la (Moun Ki a la Chaj Leta). Paj sa a ak zouti yo ap eseye rann li pi fasil pou fanmi yo aprann vre règleman yo pou yo ka pran desizyon yo.

Sak pi enpòtan an, fanmi ou ta dwe resevwa sa yo bezwen pou lasante yo, pou manje byen e pou pwoteksyon yo.

Anplis de enfòmasyon ki anba la, nou ofri w kèk resous pou telechaje:

Ki sa “Public Charge” (“Moun Ki a la Chaj Leta”) la ye ?

Public Charge la se yon tèm juridik teknik yo itilize nan lwa imigrasyon yo. Li se fè pati de yon pwosesis depistaj ke ofisye imigrasyon Etazini  itilize pou moun ki pa sitwayen ameriken ki ap aplike pou estati rezidans legal an pèmanans (LPR an Anglè ), sa y o rele nòmalman jwenn yon “kat vèt”. Si yo konsidere yon moun kòm yon Public Charge oswa ou ka vin yon Public Charge yo pap kapab jwenn yon kat vèt.

Nouvo règ la pral evalye yon seri de faktè pou deside si gen anpil chans ke yon moun pral vin sèvi ak sèten benefis leta nan lavni an, e si se sa, li pral pi difisil pou imigran ki pa gen anpil kòb oswa geyen kèk revni ki resonab, yo pap ka resevwa kat vèt la, ni pwolonje oswa chanje estati tanporè yo Ozetazini.

Ofisye imigrasyon yo dwe konsidere tout sikonstans yon imigran. Lwa sou Public Charge – ki pa ka chanje dapre règleman general yo, egzije pou ofisye imigrasyon yo konsidere tout faktè ki gen rapò ak kapasite moun ki pa sitwayen yo pou sipòte tèt yo, laj yo tou, sante yo, revni yo, byen yo, resous yo, edikasyon / ladrès ak manm fanmi yo ke yap bay sipò, ak fanmi ki pral bay yo sipò. Yo kapab tou detèmine si moun ki pral bay yo sipò a te siyen yon afidavi pou sipò (yon kontra) kote yo pwomèt bay moun ki pa sitwayen ameriken an sipò. Kòm tès la egzamine sitiyasyon jeneral moun nan ak sa ki ka pase nan fiti li, pa gen okenn faktè ki definitif. Nenpòt faktè negatif, tankou moun nan pap travay, kapab vin mwen enpòtan si gen lòt faktè pozitif, tankou si w ou fini ak yon fòmasyon pou yon nouvo pwofesyon oswa si w gen timoun ki fini ak etid inivèsite e ki edike ki pral kapad bay fanmi an sipò.

Nouvo tès la ap evalye chak sa ki annapre yo nan yon fason negatif anvan yo pran desizyon sou Public Charge la: moun ki touche mwens pase 125% nan nivo povrete federal la (FPL) oswa $31,375 pou yon fanmi ki gen kat manm- an konparezon ak yon detèminasyon ki vreman positif, tankou yon revni nan yon kay ki a 250 pousan nan nivo Povrete Federal la. Pou rive nan limit sa a, yon fanmi ki gen 4 moun ta bezwen touche prèske $63,000 chak ane. Denye egzanp sa a, yap konsidere l kòm yon faktè ki vreman “pozitif”

Egzanp Lòt faktè  ki”negatif” yo se: yon timoun oswa yon granmoun aje, yon moun ki gen sèten kondisyon sante, ki gen kapasite limite nan pale Anglè, ki gen mwens pase yon edikasyon lekòl segondè, ki gen yon istwa move kredi , ak plizyè lòt faktè.

Paske chanjman nan règleman sa a anonse tou patou nan nouvèl, kèk moun ki pa sitwayen ka pè aplike oswa kontinye resevwa benefis gouvènman an.

Règleman sou Public Charge la deja chanje pou moun k ap chèche yon viza nan Konsila Etazini nan peyi yo pou antre nan Etazini

Definisyon Final Public Charge

Yon moun ki “resevwa youn oswa plis lòt benefis leta … pou plis pase 12 mwa nan yon peryòd total 36 mwa (pa egzanp, li resevwa de benefis nan yon mwa, sa konte tankou de mwa).”

Kilè Yo Pran An Kont Public Charge La?

Yo fè yon evalyasyon Public Charge lè yon moun:
• Aplike pou antre nan Etazini.
• Aplike pou Rezidans Pèmanan Legal (LPR an Anglè) – yon kat vèt
• Yon moun ki gen kat vèt ki kite Etazini pou plis pase 180 jou konsekitif (6 mwa) epi retounen

Totalite Sikonstans (TOC an Anglè)

Nouvo faktè ki vreman konte nan tès totalite sikonstans yo (TOC), fèt pou rann pi difisil pou moun pase li, pa egzanp, moun ki pa gen anpil revni ak sa ki gen revni ki nan yon nivo mwayèn. Yo egzamine tout ansanm.
• Revni ak sitiyasyon finansye- Anba 125% Povrete Federal la (FPL an Anglè) konsidere (negatif);     Plis pase 250% FPL (trè pozitif)
• Laj – Anba 18 oswa plis pase 61 an (negatif)
• Edikasyon ak Ladrès
• Sante
• Yon kondisyon medikal ki ta ka mande anpil tretman, enstitisyon oswa entèfere avèk kapasite pou pran swen tèt ou, ou ale lekòl oswa nan travay
• Sitiyasyon Fanmi an
• Afidavi Sipò

Èske Public Charge afekte tout moun ki pa sitwayen ameriken?

Non. USCIS pa fè tès depistaj pou wè si, tout etranje ki pa sitwayen ki aplike pou, oswa ki vle aplike pou, estati rezidan pèmanan, ka vin yon Public Charge.

Moun ki pa sitwayen ameriken ki nan sèten klasifikasyon egzante nan règ imigrasyon yo, PAP tonbe nan sistèm tès depistaj Public Charge la, menm si règleman yo pwopoze a chanje oswa te adopte.

Ki moun ki egzante de nouvo règleman sa-a?

Imigran egzante – moun ki pa afekte pa nouvo règ sou Public Charge la – se: refijye; azile; sivivan trafik moun, Mun ki sibi vyolans domestik, oswa lòt krim grav (moun ki aplikan viza T oswa U); oto-petisyonè VAWA; jenn imigran espesyal; e sèten moun ki se rezidan pèmanan akòz libète pwovizwa Ameriken ke yo bay yo ak rezidan legal (moun ki gen kat vèt yo) ki pa sijè a tès Public Charge la lè yo aplike pou sitwayènte ameriken. Lwa sa yo pap chanje.

Èske tout benefis leta konte kòm Public Charge?

Se pa tout benefis leta ki pral mete yon moun ki pa sitwayen ameriken nan risk pou klase yo kòm yon Public Charge.

NOUVO règ la agrandi kalite benefis ke yo ta ka detèmine tankou”Public Charge” espesyalman sèten pwogram espesifik ki pa bay sipò finansyè pou adrese bezwen debaz yon moun.

Pwogram sa yo gen ladan:

• Mediked (avèk eksepsyon limite tankou pwoteksyon Mediked lè gen yon “kondisyon medikal an ijans,” ak sèten sèvis enfimite ki gen rapò ak edikasyon);**

• Pwogram Asistans Nitrisyon Siplemantè (SNAP an Anglè) (sa yo te konn rele koupon pou achte manje) (Food Stamp);

• Lojman Federal Leta, Koupon Seksyon 8 pou Lojman ak asistans pou lwaye nan Pwojè Seksyon 8 la.

Anplis de benefis “Public Charge”yo ki deja egziste:

• Asistans Lajan Kach

• Swen Enstitisyonèl alontèm

** Eksepsyon pou kondisyon medikal an ijans ak  pwoteksyon pou timoun < 21 & fanm ansent.

(Remak: Kounye an, yo konsidere asistans lajan kach ak benefis leta alontèm tankou Public Charge)

Ki benefis yo pral eskli nan nouvo règ la?

Benefis ki endike anba la yo pa fè pati règ Public Charge la epi ou ka gen aksè a yo – si ou kalifye.

• Soulajman pou dezas

• Asistans medikal pou ijans

• Pwogram ki nan yon Eta, Ki Lokal oswa Ki nan yon Tribi (apa de sa ki pa bay okenn lajan kach oswa enstitisyonèl swen alontèm)

• Benefis manm fanmi imigran an resevwa

• CHIP

• Fanm Tibebe ak Timoun (WIC an Anglè)

• Dejene ak manje midi lekòl

• Asistans enèji (LIHEAP an Anglè )

• Koupon transpò ak sèvis transpò ki pa mande lajan kach

• Benefis TANF ki pa bay-lajan kach

• Kredi Sou Revni Taks Federal ak Kredi Taks pou Timoun

• Kòb Elèv Lekòl Prete

• Benefis Travay ak Pwogram Fòmasyon pou Travay

• Pwogram Asistans Juridik (Avoka)

Èske enfòmasyon pèsonèl mwen an sekirite?

Lwa federal ak lwa leta yo pwoteje konfidansyalite moun ki aplike pou, oswa ki ap resevwa asirans pou swen sante, nitrisyon, sipò ekonomik, oswa lòt benefis leta. Aplikasyon pou pwogram leta pa ta dwe mande enfòmasyon sou estati imigrasyon moun nan kay la ki pa yon aplikan. Ajans ki bay benefis yo ka pataje enfòmasyon limite ki gen sèten eksepsyon avèk lòt ajans gouvènman yo sèlman pou rezon pou administre pwogram yo, Ou ka bay sèlman enfòmasyon ki nesesè yo epi ou pa dwe bay manti sou anyen lè w ap ranpli aplikasyon pou benefis leta oswa lè w fè fas ak nenpòt ki ajans gouvènman an.

Ki lòt egzanpsyon mwen ta dwe konnen?

• DHS pa pral konsidere benefis manm fanmi yon aplikan ap resevwa, oswa nenpòt pwogram ki pa espesifikman nan lis règ la.

• DHS pap konsidere pwogram ki finanse antyèman pa Eta yo, lokalite oswa tribi, eksèp pou asistans lajan kach ak pwogram swen alontèm.

• Règleman an pwopoze tou pou eskli benefis manm aktif sèvis militè, rezèvis militè yo, ak mari oswa madanm e ak timoun yo.

Kilè règleman an ap anvigè?

Règ la pral anvigè nan 60 jou ou mwens oswa nan dat 15 Oktòb 2019. Sepandan, règ la pa pral retwoaktif. Sa vle di ke benefis yo – ki pa lajan kach oswa swen alontèm sou depans gouvènman an – ke yo te itilize anvan ke règ final la vin anvigè, yo pa pral konsidere yo nan detèminasyon Public Charge la.

Èske yo pral depòte mwen?

Nouvo règ la pa entèprete oswa agrandi lwa Public Charge la pou depòtasyon. Dapre lalwa aktyèl la, yo ka depòte yon moun ki klasifye tankou yon Public Charge sèlman nan sèten sikonstans ki ekstrèm. Depatman Lajistis ka pwopoze yon règ apa ki adrese pati sa a.

Si fanmi ou planifye pou aplike endeyò Etazini pou yon kat vèt oswa viza, ou ta dwe pale ak yon ekspè pou konsèy anvan ou pran nenpòt ki desizyon. Pou jwenn lokal gratis oswa a ba pri ki tou pre w ki fè travay sa a vizite www.immigrationadvocates.org/nonprofit/legaldirectory  Èd disponib nan plizyè lang.

Bagay Pou Sonje

• règ la pa ko an efè.

• Valab sèlman pou aplikasyon ki soumèt a pati de 15 Oktòb 2019.

• Yo pa pral konsidere Nouvo benefis ke moun resevwa avan dat sa-a

• Se pa tout moun ke règ la afekte.

• Anpil imigran yo egzante de inadmisiblite a kòz Public Charge La.

• Benefis manm fanmi ou itilize pap konte.

• Faktè pozitif yo ka gen plis vale pase faktè negatif nan tès pou determine sa ki kapab rive ak aplikan an.

• Chak sitiyasyon diferan.

Ou ka konsilte ak yon avoka imigrasyon si ou gen kesyon sou pwòp ka pa w.

Nou Remèsye Protecting Immigrant Families (PIF) (Pwoteje Fanmi Imigran) pou analiz kontinyèl ak sipò yo sou sijè enpòtan sa a ki nan “andedan” imigrasyon.