Ayiti Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS)

Nan dat 22 me a, Sekretè Sekirite Enteryè a, Alejandro N. Mayorkas, te anonse yon nouvo deziyasyon 18 mwa pou Estati Pwoteksyon Tanporè (Temporary Protected Status, TPS) pou Ayiti. Dat l ap kòmanse a se pral pwochen dat piblikasyon avi Jounal Ofisyèl la (Federal Register notice, FRN). Nouvo deziyasyon TPS sa a pral pèmèt sitwayen Ayisyen yo (epi moun ki san nasyonalite yo ki t ap viv an Ayiti sa pa gen lontan) k ap viv Etazini depi 21 me 2021 an, pou depoze yon demand preliminè pou TPS, ak kondisyon yo ranpli tout fòmalite nesesè yo.

Kontèks
Aprè konsiltasyon avèk patnè entè-ajans yo, Sekretè Sekirite Enteryè a, Alejandro N. Mayorkas, te deside deziyen Ayiti pou TPS akoz kondisyon difisil ak tanporè yo an Ayiti ki anpeche sitwayen yo rantre nan peyi a an tout sekirite, tankou yon kriz politik ak vyolasyon dwa moun; gwo pwoblèm sekirite; ak sitiyasyon ekonomik katastwofik epi pwoblèm pou jwenn manje, dlo ak swen sante vin agrave akoz pandemi COVID-19 la. Epi tou, konsekans pèsistan tranbleman tè 2010 yo te agrave sitiyasyon difisil ak tanporè Ayiti. Deziyasyon Ayiti pou TPS pa kontrè tou ak enterè nasyonal Etazini. Yon peyi kapab deziyen pou TPS sou baz youn oswa plizyè nan twa kritè legal pou deziyasyon an: konfli ame k ap fèt nan moman an, katastwòf anviwònmantal oswa kondisyon difisil ak tanporè yo.

TPS la ap gen pou aplike sèlman pou moun ki deja ap viv Etazini anvan dat 21 me 2021 an, epi ki ranpli tout lòt kondisyon yo.

Pou plis enfòmasyon
Deziyasyon 18 mwa Ayiti a pral kòmanse aprè dat piblikasyon FRN lan, sa ki pral bay enstriksyon pou mande TPS ak dokiman otorizasyon pou travay yo. Moun ki ranpli kondisyon yo pou TPS a selon nouvo deziyasyon Ayiti a dwe fè yon demand pou TPS nan USCIS pandan peryòd anrejistreman an. Yon fwa FRN lan pibliye, nou pral mennen yon kanpay sansibilizasyon konsènan TPS pou Ayiti pou bay kèk enfòmasyon epi reponn ak kesyon piblik lan.

Pou tout enfòmasyon ki pi resan yo konsènan TPS, vizite paj entènèt TPS nou an.

Pou plis enfòmasyon sou USCIS ak pwogram li yo, tanpri vizite uscis.gov oswa swiv nou sou Twitter, Instagram, YouTube, Facebook ak LinkedIn.